Haiti-- Elections-- Justice et Paix -- Les élections territoriales
- From: "Annette" <len.annette@xxxxxxxxxxxx>
- Date: 31 Jul 2006 09:10:30 -0700
Copie d'un message reçu :
-------------------------------------
La version française suit la version kreyòl.
------------------------------------------------------------
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè
Commission Episcopale Nationale Justice et Paix
Secrétariat national
BP 1572
Port-au-Prince Haïti 6110
Tel / Fax 222 78 99
justicepaixha@xxxxxxxxx
jilap.national@xxxxxxxxxxxxxxxxxxx
www.forumcitoyen.org.ht/jilap
Pòtoprens, 25 jiye 2006
Nòt pou laprès
Sou eleksyon kolektivite teritoryal yo
Komisyon nasyonal Jistis ak Lapè salye tout moun an jeneral. Menm jan
ak anpil lòt sektè nan sosyete a, Komisyon an pataje preyokipasyon l
pou dewoulman pwosesis elektoral la. Pou kisa pwosesis la pa vanse
kòm sa dwa ? Komisyon an toujou te defann pozisyon : fondman
demokrasi a, se nan kolektivite teritoryal yo li chita. Kominote ak
kolektivite lokal yo, seksyon kominal yo ak komin yo enpòtan anpil pou
fè demokrasi chita nan peyi a.
1- Nou poze tèt nou anpil kesyon, lè n tande pa gen mwayen finansye,
ni onivo lokal ni nan kominote entènasyonal la pou reyalize eleksyon
kolektivite teritoryal yo. Eske tout moun sa yo pa t sispann repete di
: demokrasi ak patisipasyon tout moun enpòtan pou bati peyi a ?
Gen yon lòt kesyon nou bezwen poze toujou. Si eleksyon yo koute tout
lajan sa a, ki jan sa ap ye pi devan ?
Eske lè a pa rive pou angajman sitwayen yo nan òganizasyon ak
dewoulman eleksyon an vin pi plis ? Eske se pa li ki garanti pou
genyen demokrasi toutbon nan peyi a?
2. Men kèk pwen ki merite plis atansyon nan pwosesis la an jeneral,
selon rapò nou te jwenn e ki sòti nan divès lokalite nan peyi a :
2.1. Lis elektoral yo dwe klè. Fòk moun kapab konsilte yo fasilman,
san gwo pwoblèm. Sitou si moun vin vote an mas.
2.2. Ajan administrasyon elektoral yo, KEP la te mete pou ede elektè
yo nan eleksyon mwa avril la, dwe konprann wòl yo pi byen. Yo dwe pi
byen prepare e pi aktif pou ede elektè yo jwenn nan ki BV yo ye.
2.3. Ki sa k pase ak tout jèn gason ak jèn fi ki te fete anivèsè 18
lane yo depi pwosesis elektoral la kòmanse ? Eske yo menm tou pa gen
dwa patisipe nan vòt la ?
2.4. Pou eleksyon k ap vini yo, limit ant vil yo ak seksyon yo dwe
klè. Lis elektoral yo dwe klè tou sou ki moun k apral vote ki kote
ak pou ki reprezantan : majistra, delege vil, Kasek, Asek.
2.5. Plizyè fwa nou t ap plede anfavè moun ki pa konn li ak ekri yo.
Sete yon gwo difikilte sitou nan eleksyon 7 fevriye, ak pakèt kandida
ki te genyen. Ki jan sa ap ye pou eleksyon lokal yo, kote anpil katèl
prezante yo kòm kandida pou divès fonksyon yo ?
2.6. Kèk sant vòt toujou pa adapte ak valè moun ki dwe vote ladan l.
3. Lè n konpare eleksyon ki te fèt jou ki 7 fevriye 2006 ak eleksyon
nan dat 21 avril 2006 yo, nou konstate te genyen plis vyolans,
entolerans ak magouy nan dezyèm tou pou depite ak senatè. Plis
eleksyon vin pi pre enterè lokal yo, plis genyen entolerans nan mitan
kandida yo. Deja gen menas k ap fèt kont kèk kandida nan kèk zòn.
Komisyon Jistis ak Lapè pataje preyokipasyon li pou eleksyon ki dwe
fèt yo. Eleksyon sa yo dwe prepare ak tout aktè yo.
3.1. Plis edikasyon sivik dwe fèt pou ede kandida yo ak patizan yo
konprann politik se pa goumen pou pouvwa, men se konstwi kominote lokal
yo nan enterè tout moun.
3.2. Pati politik yo dwe klè ak kandida yo ni reprezantan lokal yo sou
zafè tolerans ak lespri sitwayen yo ki dwe make konpòtman yo. Yo dwe
fè yo sonje kòd etik pati politik yo te siyen e ki dwe gide
konpòtman yo.
3.3. KEP la dwe pran sanksyon kont tout kandida ki mele nan vyolans
oswa ki ankouraje vyolans.
3.4. Leta dwe pran bon jan mezi sekirite pandan e aprè eleksyon lokal
yo, sitou nan zòn kote vyolans ap taye banda yo.
Komisyon nasyonal Jistis ak Lapè renouvle konfyans li nan bon sans
pèp Ayisyen an genyen, e ki konn distenge sa k bon pou li. Li mande l
pou l pran eleksyon lokal yo oserye, pou l chwazi moun ki onèt,
konpetan e devwe pou avansman kominote lokal yo. Li mande popilasyon
an pou l pa pran nan pèlen enterè mesken ki pa gen anyen awè ak
enterè kolektivite yo. Sitou li mande tout moun pou pa pran nan pyèj
vyolans.
Pou Komite direktè nasyonal la.
Port-au-Prince, 25 juillet 2006
Note de presse
Concernant les collectivités territoriales
La Commission Episcopale Nationale Justice et Paix vous salue tous.
Avec tant d'autres secteurs de la société, la Commission partage
ses préoccupations pour le déroulement du processus électoral.
Qu'est-ce qui empêche le processus d'avancer correctement ? La
Commission a toujours défendu la position que les collectivités
territoriales constituent le fondement de la démocratie. Les
communautés et les collectivités locales, les sections communales et
les communes sont des entités cruciales pour enraciner la démocratie
dans le pays.
1- Nous sommes inquiets, quand on déclare il n'y a plus de moyens
financiers ni au niveau national, ni au niveau de la communauté
internationale pour réaliser ces élections locales. Est-ce que
toutes ces entités n'ont pas prétendu et répété comment la
démocratie et la participation citoyenne sont importantes pour le pays
?
Une autre question s'impose toujours. Si les élections exigent
chaque fois un gros investissement financier de ce genre, quel est
l'avenir du processus électoral ?
Est-ce que le processus électoral ne devrait pas pouvoir s'appuyer
davantage sur l'engagement citoyen direct ? N'est-ce pas lui le
seul garanti d'une démocratie réelle dans le pays ?
2. Voici des points qui méritent une attention particulière dans la
poursuite du processus électoral, selon les rapports qui nous sont
parvenus après le deuxième tour :
2.1. Les listes électorales doivent être claires. Elles doivent
être faciles à consulter, sans difficultés majeures, surtout en cas
de participation massive au scrutin.
2.2. Les agents administratifs électoraux, engagés par le CEP pour
assister les électeurs à l'occasion des joutes électorales
d'avril dernier, doivent être mieux imbus de leur rôle. Ils
doivent être mieux préparés et plus actifs pour assister les
électeurs à trouver leurs bureaux de votes rapidement et
correctement.
2.3. Depuis le commencement du processus électoral en 2005, un nombre
de jeunes garçons et filles ont atteint l'age de 18 ans. Comment
pense-t-on de répondre à leur droit politique de participer au vote?
2.4. Pour les élections à venir, les limites entre les centres des
villes et les sections communales doivent être clairement fixées.
Les listes électorales doivent être clairement établies pour
permettre aux citoyens de voter pour leurs représentants respectifs :
magistrats, délégués de ville, Kasec, Asec.
2.5. A plusieurs reprises nous avons plaidés en faveur des
analphabètes. Ils rencontraient de sérieuses difficultés le 7
février avec les bulletins de vote à nombreux candidats. Comment se
présenteront les élections locales où de nouveaux un grand nombre de
candidats s'annoncent pour les différentes fonctions ?
2.6. Un nombre de centres de vote sont définitivement inadaptés au
nombre de votants qu'ils doivent accueillir.
3. Une comparaison entre les élections du 7 février et celles du 21
avril 2006, nous permettent de constater davantage de violence,
d'intolérance et de fraude durant le deuxième tour pour députés
et sénateurs. Plus les élections se rapprochent des intérêts
locaux, plus l'intolérance entre les candidats augmente. Déjà des
menaces sont proférées contre des candidats dans certaines zones. La
Commission Justice et Paix exprime ses appréhensions à l'approche
des élections locales. Il faudrait bien les préparer avec tous les
acteurs.
3.1. Un programme d'éducation civique devrait aider les candidats et
leurs partisans à comprendre que l'engagement politique n'est pas
une simple lutte pour le pouvoir, mais un engagement pour construire
les communautés locales dans l'intérêt de tous.
3.2. Les partis politiques doivent être clairs avec leurs
représentants locaux en ce qui regarde la tolérance et l'esprit
citoyen qui doit marquer leurs attitudes. Ils doivent rappeler le code
éthique signé par les partis comme guide pour leurs comportements.
3.3. Le CEP doit prendre des sanctions contre tout candidat qui
encourage ou qui est impliqué dans des actes de violence.
3.4. L'Etat doit prendre toutes les mesures de sécurité
nécessaires avant et après les élections locales, surtout dans les
zones fragiles.
La Commission nationale Justice et Paix renouvelle sa confiance dans le
bon sens du peuple haïtien qui est capable de discerner ce qui lui est
avantageux. Elle demande à tous et à toutes de considérer
sérieusement les élections locales ; de choisir des candidats
honnêtes, compétents et dévoués à l'avancement de leurs
localités. Elle demande à tous et à toutes de ne pas se laisser
prendre dans le piège des intérêts douteux qui n'ont aucun lien
avec les intérêts des communautés locales. Surtout, la Commission
demande à tous et à toutes de ne pas se laisser prendre dans le
piège de la violence.
Pour le Comité Directeur National,
P. Jean Hanssens, dir.
.
- Prev by Date: Haiti -- Le pays du dedans -- MOISE -- Grands projets et petites actions
- Next by Date: Re: Haiti--Canada-- Sur la libération d'Yvon Neptune
- Previous by thread: Haiti -- Le pays du dedans -- MOISE -- Grands projets et petites actions
- Next by thread: Haïti-Violences-Police
- Index(es):
Relevant Pages
|